Enso | Josemel

Menm ke w pa wè l

M gen san m k ap koule nan venn ou

Men m si w pa santi l ,m gen lanmou m k ap jayi nan tout selil ou.

Ou vini epi w souri

Ou chase tout estrès mwen yo

Le w nan bra m m pa k panse ak anyen lot sinon ti lodè zanj  paradi a  ,ti figi zanj  lanmou w lan ,ti rega ki vle di m ou renmen m menm jan m renmen w lan tou.

Ou vini epi w tanmen fè mikalaw nan kè m

Ou tonbe fè laviwòndede ,anverite m pa anvi rete w

M pa anvi kenbe w

M renmen sa m santi lè m kote w la.

Yo t konn pale m de lanmou,m t fe yon eseye l pandan yon tan . Men la san fè twòp efò,san mande anpil m ap viv li live nan tabatchè kè m .

Mwen renmen w plis pase leve danse

Mwen renmen w plis pase fèy branch pyebwa lanati  k ap danse

M renmen w plis pase tanbou k ap tanbourinen jis languinen tande

M renmen w plis pase 17 kout lang

M renmen w plis pase lapli k ap mouye tè sèk nan gran chimen .

M renmen w san m

Ou vini epi w pote nan inivè m  yon lanmou san mezi .

M renmen w

Pou neve m nan ,san m

Moun sa ki fè m matant pou tout bon pou premye fwa nan vi m

Enso

Josemel


    En savoir plus sur Libreri Dekouvri

    Subscribe to get the latest posts sent to your email.

    Laisser un commentaire

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *