An Ayiti, larivyè pa yon senp dlo k ap koule. Se yon espas ki chaje istwa. Se yon espas kote moun ak mistè rankontre. Se espas sa a Libreri Dekouvri deside mete an valè nan yon konkou kont ki rele « Bò rivyè a ».
Objektif la senp : rakonte sa ou tande, sa ou wè, sa ou viv bò rivyè. Yon rankont sanzatann, yon avanti, yon lejand, yon mistè, yon istwa lanmou, yon istwa fantastik… Tout bagay posib. Depi se bò rivyè.
Paske bò rivyè, gen plis pase dlo k ap koule. Gen moun, gen lavi, gen souvni, gen sekrè, gen kwayans, gen mistè. Gen lesivyèz k ap pale, timoun k ap benyen, moun k ap travèse, gen bèt k ap bwè dlo, gen sa nou wè, gen sa ki anba dlo…
Avèk « Bò rivyè a », Libreri Dekouvri vle bay jèn yo yon espas pou yo imajine, kreye epi rakonte. Se yon envitasyon pou yo bay kont yon nouvo souf, pandan y ap sèvi ak kreyòl ayisyen an kòm lang kreyasyon literè.
Konkou a louvri pou jèn ki gen sot 16 rive 21 lane. Chak patisipan dwe voye yon kont orijinal an kreyòl ayisyen, ki gen ant 1 000 ak 2 000 mo. Chak kont dwe kòmanse obligatwa ak « Krik ! ».
Rivyè a la. Imajine istwa pa w la. Rakonte l.
Konkou kont Bò rivyè jwen sipò Direction Nationale du Livre, Progepe, Ambrosia, Chic Services Group, Sefirot 24 ak Spread Info.
Telechaje règleman konkou a :
En savoir plus sur Libreri Dekouvri
Subscribe to get the latest posts sent to your email.

